Fòs PNH yo mete men nan kasav 4 pwezime bandi vòlè

01/29/2022
Kwà Dèboukè_____(TRiboLAND) Bandi pa sispan fè pale de yo nan peyi Dayiti, alòske fòs sekirite nasyonal yo ap rapouswiv mouvman flite bandi sangwen nan tout ra kwen. Konsa, nan moman yon tchèk pwent, ajan POLIFRONT mete men nan pat kasav 4 bandi vòlè jodi samdi 29 janvye 2022 a, nan pye Mòn Kabwit.
Yo repwoche pwezime bandi eskanmòtè sa yo ki se : Occius Reynold, Joseph Albert, Molière Alias Makly ak Yvenson Renelus pou zak vòlò moto ak asossyasyon malfektè, dapwè yon sous lapolis. Fòs lòd yo arive sezi yon gwo magogo lajan sou akize yo.






