Nòdwès : Fon Patriyotik Popilè nan tèt kole ak Altènativ Sosyalis fikse pozisyon yo sou konjonkti Politik peyi a.

101
0
Share:
TRiboLAND

02/03/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès, lendi pwemye fevriye 2022 a, Fon Patriyotik Popilè nan tèt kole ak Altènativ Sosyalis branch nòdwès, fikse pozisyon yo sou konjonkti politik peyi a nan kad akò Montana a.

Mèt Kerby Joseph ki tap prezante konferans lan, esplike e montre solidarite ke yo genyen parapò ak pwosesis mekanizasyon akò Montana a, lèl deside fè yon rapèl sou kreyasyon ak byen fonde estrikti sila.

Pou yo menm, eleksyon pou nome yon prezidan ak yon premye minis se yon rezilta ki montre genyen yon pwemye pa ki rive feyalize nan pwosesis mekanizasyon akò Montana a nan lide pou konplete kolèj prezidansyèl la.

Yon gouvènman tranzisyon k ap gen pou koupe fache ak ansyèn desizyon malatchong gouvènman defakto Jovenel Moise defen an, men tou mete bout ak sistèm kansè peze souse a, dapwè mèt Kerby Joseph.

Plede an favè yon chanjman nan systèm politik ayisyen an, mèt Kerby Joseph ak alye l yo swete akò Montana a, rive tout bon vre jwenn restore vi popilasyon an ki an agoni.

Viv akò Montana! Aba Ariel Henry!

Genson HYPPOLITE

Share: