Nouvo Komisè gouvènman a.i Nòdwès la bay pèsonèl jidisyè e administratif Pakè a yon pinga

02/14/2022
Pòdpè______(TRiboLAND) Komisè gouvènman Nòdwès la, Me Michelet VIRGILE avize pèsonèl jidisyè ak administratif ke pakè a ouvri pòt li soti lendi pou rive vandredi, soti 8h nan maten pou rive 4h nan aprèmidi.
Me VIRGILE fè konnen, depi l fè sa li 9h tout anplwaye dwe nan pòs yo nan lide pou sèvi administre yo, sepandan ankenn anplwaye pa kapab leve kouri kite palè jistis la avan 4h aprèmidi sof si genyen yon ijans.
Komisè a ale pi lwen pou di, administrasyon l ap dirije a dwe okouran sou tout demand konje, reta, motivasyon ak absans anplwayè yo.
Se konsa nouvo komisè a presize tou, yon pèsonèl jidisyè ou byen administratif ki pa respekte prensip sa yo ap sanksyone selon sa lwa yo di sou fonksyon piblik la nan peyi Dayiti.
Paralèlman, yon lòt fòm pwotestasyon tap banbile devan antre Palè Jistis Pòdpè a, kote ke avoka ki tap egzije revokasyon ansyen Komisè gouvènman Jean Volney Bellamin. Avoka yo ta sanble kontinye ap mande netwàyaj sistematik tout pikankwannan ki te mare sosis yo nan kòripsyon anndan enstitisyon jidisyè a.
Avoka yo te lote yon pakèt viv alimantè devan antre Palè Jistis la yon fason pou denonse komès ou aktivite revandè kòriptè ki transfòme espas jidisyè a tankou yon veritab mache kote ke jistis la ap vann tankou lo bannan ak patat tout kalite.
Yo pwoteste e mande egalman arestasyon ansyen Komisè Bellamin pou bandi kidnapè ke li te kouri libere kèk èdtan apwè revokasyon li, yon aksyon ki fè moun mete 2 men nan tèt!






