Foutbòl : Duckens Nazon ak Stéphane Lambèse absan pou jwe fas AJ Oksè.

121
0
Share:
TRiboLAND

John Jean Jacques – 02/25/2022

Weekend sa a ta dwe mete fas pou fas 4 Ayisyen kap jwe nan AJ Oksè ak Keviyi Wouwenn Metwopòl pou 26e jounen divizyon 2 a nan peyi Lafrans ke anpil moun konnen sou non Lig 2. Malerezman 2 grenadye Keviyiwounwenn yo pral rate randevou sila akoz blesi.

An deplasman lakay AJ Oksè, demen samdi 26 fevriye 2022 a, Keviyi Wouwenn Metropòl, pral gen poul jwe san plizyè nan kad li yo. Pami yo Duckens Nazon ki se meyè bitè klèb la pou sezon an ak Stéphane Lambèse. Fabien Mercadal ki se antrenè ekip la fè apèl ak 19 jwè pou kapab al defye ekip Oksewaz la san Nazon Ak Lambèse.

Men lis 19 ekip Keviyi Wouwenn Metropòl la:

Gardiens : Nicolas Lemaitre – Romain Lejeune

Defansè : Alpha Sissoko – Romain Padovani – Nathan Dekoke – Souleymane Cissé – Sami Belkorchia – Damon Bansais

Mitan Teren: Alassane Diaby – Kalidou Sidibé – Manoubi Haddad – Garland Gbelle – Gustavo Sangaré – Yann Boé-Kane

Atakan : Ottman Dadoune – Cheikh Sabaly – Issa Soumaré – Yassine Bahassa

Match foutbòl la pwograme pou demen samdi 26 fevriye a, nan estad “l’Abbé-Deschamps” an a 1h, lè peyi Dayiti.

Share: