Etazini konseye sitwàyen ameriken yo pou kite peyi Rusi san pèdi tan

02/27/2022
Moskou_____(TRiboLAND) Ameriken kap viv nan peyi larusi dwe degaje yo kon mèt Janjak pou kite peyi kominis lan san pèdi tan pandan vòl komèsyàl yo nan peyi a ap konsiderableman kansèl ou avòte, dapwè deklarasyon anbasad peyi Etazini nan Moskou.
Sitwàyen ameriken yo dwe mache pòs pandan ke vòl komèsyàl toujou disponib, dapwè sa anbasad anonse jodi dimanch 27 fevriye 2022 a. Yon parèy anons arive fèt nan moman genyen gwo lawouli tansyon avèk Larusi apwè antre san onè san pèmisyon rus yo fè nan Ikryèn yè jedi a.
Yon latriye avyon komèsyàl sispan vole nan peyi Rusi semèn sila yon ti bout tan apwè ke Inyon Ewopeyen mete entèdiksyon pou avyon Larusi pa paweze nan espas ayeryen yo. Konsa, pou bay yon repons kifkif, Moskou te arive mete blokaj egalman pou lòt avyon pa paweze sou tèritwà ayeryen li egalman.
Pwezidan peyi Etazini an pa gen entansyon voye kò lame li al bay peyi Ikryèn jarèt sou cha lagè a; sepandan, li ekspedye bay Ikryèn yon pwovizyon zàm ki estime a 350 milyon dola vèt e li mete an bwanl yon katafal sanksyon finansyè sou zo kokolo bwà tèt Kremlin.






