Asosiyasyon Notè yo nan Nòdwès òganize yon seyans fòmasyon nan vil Pòtpè.

94
0
Share:
TRiboLAND

John Jean Jacques

03/01/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Asosiyasyon notè pou jiridiksyon Nòdwès (ANJNO) la, òganize yon asiz sou tèm “La garantie juridique et le champ d’action d’un Notaire” pou diskite sou profesyon notè a. Fòmasyon sila te fèt nan Otèl Kasika ki twouvel nan site Kapwà Lamò a, lendi 28 fevriye 2022 a.

Anpil notè te sòti toupatou nan tout rakwen depatman Nòdwès la; yon katafal otorite te reponn prezan pou asiste ak grand asiz sila a nan vil Pòdpè. Pami otorite ki te la yo, nimewo 1 pakè Pòdpè, M. Michelet Virgile ak Doyen tribinal premyè enstans lan, M. Louis Yves-Marie Périclès, fòmatè prensipal fòmasyon an, M. Philama Levelt, notè piblik ki adere nan Linyon Entènasyonal Notarya Laten, Delege depatmantal sendika notè yo pou peyi a ak pòt pawòl sendika notè pou depatman Nòdwès la ki te pwofite entèveni pou montre enpòtans fòmasyon pou notè yo.

Kidonk inisyatè yon parèy aktivite rete kwè ke si yon notè pa byen fòme, li pap janm ka bay yon bon rezilta. Notè Philama te rabat pou l raple notè yo, malè ki pandye sou tèt yo, lè yo pa fè travay yo jan la lwa mande l. Li te fè referans ak yon notè ki te kondane pou l te pase 5 lane nan prizon epi peye 5000000 € kòmand paske li mal egzèse pwofesyon an. Pou fini, fòmatè a mande pou Notè yo goumen pou yo bay yon sèvis ki ekitab paske gen gwo malè ki pandye sou tèt yo.

Yon lòt bò, komisè gouvènman an, M. Michelet Virgile nan entèvansyon li pale de ensekirite jidisyè ki genyen nan kanton an akoz maladrès kèk paketye raketè, isye, grefye ak notè. Nimewo 1 pakè a fè konnen ke anpil notè aji anba lòd kèk otorite nan pakè a. Mèt Virgile kontinye entèvansyon l lan pou l raple notè yo, ke yo se “sètifikatè ak”, yo pa gen pou yo pran dikte nan men pèsonn nan egzèsis pwofesyon yo. Konsa, Komisè a pwomèt ke l pral fè tout sa li kapab poul pèmèt notè yo rete nan limit yo.

Plizyè pèsonalite nan site Kapwa Lamò a bat bravo lakontantman pou parèy insyativ, e mande kèk lòt sektè pou yo swiv menm egzanp lan.


Share: