Kinapping : Pwotestasyon elèv Kolèj Jacques Roumain pou reklame liberasyon direktè Ernst Lafleur ak tout madanm li

90
0
Share:
TRiboLAND

03/12/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yon latriye elèv Kolèj Jacques Roumain pran lari kapital la, patikilyèman sou Lalu ak Kafou Tifou pou pwoteste kont zak kidnapping bandi sangwen fè sou direktè Kolèj la, Ernst Lafleur ak tout madanm li yè vandredi 11 mas 2022 a.

Pou ekspwime kolè yo ak endinyasyon yo, pwotestatè yo te oblije erije barikàd flanm dife nan diferan ri nan lokalite konsène yo yon fason non sèlman pou reklame liberasyon san kondisyon dirijan enstitisyon eskolè a, men tou pou fòse otorite sangwen yo pran responsablite yo fas ak pichon kidnapping nan ki kontinye ap efondre Ayiti.

Elèv pwotestatè yo rabat pou yo di ke yo pap beseba nan yon seri manifestasyon jiskaske yo jwenn liberasyon direktè Kolèj Jacques Roumain an ak tout madanm li.

I

Share: