Sante : Lidè òganizasyon politik Fòs Nou an, Paul Elie Faustin vizite nouvo lopital OFATMA

89
0
Share:
TRiboLAND

03/14/2022

Pòdpè_____ (TRiboLAND) Malgre pozisyon politik li, Paul Elie Faustin toujou ta swete wè yon seri chantye ki te kòmanse sou ansyen Prezidan Jovenel Moïse, nou konnen kite asasinen lakay li, nan lannwit 6 pou leve 7 jiyè 2021 an, rive nan bout yo.

Lopital OFATMA ki se yon finansman peyi Tywann prèske rive nan bout li pou inogirasyon. Kowòdonatè Fòs Nou an te vizite strikti tou lumen sa, e te profite adrese kèk mesaj a nouvo direktè a ki se Dr Carl Francois, ki ranplase Dr Agabus Joseph.

Nan boukante lapawoli, dirijan Fòs Nou an raple ke kontra ki define konstriksyon an, te kouvwi egalman twonson wout ki soti nan vil la pou rive nan Lopital la. Yon parèy segman ta sipoze fèt; e li tap pote yon bonjan amelyorasyon pou moun ba Nòdwès, pwiske Lasalin toujou rete yon gwo moso, sitou lè lapli fin tonbe ki okazyone wo Nòdwès dekonekte ak ba Nòdwès, dapwè lidè a.


Paul Elie Faustin kontinye, pandan li swete nouvo direktè a ki se moun depatman an, pou li mete tout sa li genyen kòm konpetans adekwàt ki kapab fasilite bon fonksyonman yon parèy enstitisyon. Li ankouraje direktè a mennen yon ankèt prese prese sou moun ki te anplwayè OFATMA yo, yon fason pou gade kijan yo te anwole e eske yo tout nan plas yo. Paul Elie swete majorite anplòyè fonksyonèl lopital la dwe soti nan depatman Nòdwès la; konsa, li fè li klè ke yo pa vinn bay DG a kat blanch.

Pou fini, lidè Fòs Nou mande PM defakto a, Dr Ariel Henry pou mete tout mwayen ki dwe disponib pou fasilite inogirasyon ak bonjan fonksyonman nouvo Lopital OFATMA ki se vizyon ansyen pwezidan Jovenel Moise.

Fanuance HODNEY

Share: