Fòs lòd yo sezi zàm, munisyon ak marigwana nan Okap Ayisyen

87
0
Share:
TRiboLAND

03/15/2022

Kap Ayisyen______(TRiboLAND) Nouvo ladrès PNH mete sou pye nan jou sa yo pèmèt yo pran anpil trafikè zàm nan petren e fasilite yo takle pibyen diferan sous kap miltipliye zak ensekirite nan peyi a.

Konsa, nan yon operasyon fòs lòd yo efektye nan lokalite Chada nan vil Kap Ayisyen yè lendi 14 mas 2022 a; yo poze lapat sou divès zam ak munisyon san konte sibtans ilegal, dapwè direksyon depatmantal Nò a ki tap depoze.

Fòs lòd yo mete anba kòd egalman 7 moun sispèk nan yon baz yon gwoup bandi ki genyen nan tèt li Das ki te gentan chape poul li. Anplis, yo sezi 2 moto siklèt, 2 telefònn, yon pakèt marigwàna, 2 paspò, yon fuzi 12, 8 katouch 5.56m, 6 katouch 40mm, yon revòlvè kalbi 38, yon pistolè 9mm ak chajè, yon kagoul, 3 manchèt, 2 kouto ak plizyè lòt bataklan…..

Share: