Biwo depatmantal sendika gen pou inogire avan lontan nan nòdwès

90
0
Share:
TRiboLAND

Louis Jameson – 03/21/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Prezidan sendika tranpò komen an nan Nòdwès, Marcelin Similien ki se fondatè yon parèy mouvman nan lane 2006 la, kontan pou anonse ekip TRiboLAND lan inogirasyon yon nouvo biwo depatmantal sendika a 27 mas k ap vini la nan vil Pòdpè. (nan antre ansyen lokal Sarafini a ki sou boulva Jovenel Moïse la)

Fowòm Sendika Transpòtè Travayè Nòdwès Hayiti (FSTTNOH)

Plizyè biwo kominal tankou Sendika Chofè Taksi Moto, Taptap Senlwi Dinò, pwalou, Travayè Transpòtè Nòdwès, Sante, Sendika Transpòtè Mawouj e Mòl Sen Nikola, Asosiyasyon Chofè Taptap Bochan (ACTB), yo tout fè yon sèl tèt kole pou mete sou pye pou fòme Fowòm Sendika Transpòtè Travayè Nòdwès Hayiti (FSTTNOH).

Nan menm optik la, Prezidan Similien fè kwè ke nouvo biwo sila, se yon etak senbolik ki esplike prezans sendika yo nan depatman Nòdwès peyi a. li rabat pou l di ke se pou premye fwa pràl depatman an pràl dote de yon biwo sendika, san konte yon latriye aktivite ke yo konte antreprann sou depatman an tankou asenisman, parakiltirèl pou site sa yo sèlman.

Li fini pou l di, kreye kondisyon pou Asanble Jeneral la pran jarèt, se te pi gwo rèv yo anvan menm ekip la fè 2 petisyon. Similien felisite tèt li ak tout lòt antite ki propilse yon parèy mouvman pandan l swete wè yon NÒDWÈS inifye sou tout fòm!

Share: