Edikasyon : Enstiti Klasik Tousen Louvèti pa fè lekòl vandredi 18 mas la, pou sitiyasyon kritik vil Pòdpè

84
0
Share:
TRiboLAND

03/21/2022

Direktè Rock Clavaroche

Pòdpè_____(TriboLAND) Enstiti Klasik Tousen Louvèti, ki genyen nan tèt Direktè Rock Clavaroche pou plis pase 40 lane, te deside pa fonksyone jounen vandredi 18 mas 2022 a akoz sitiyasyon depotwà vil la Pòdpè: fatra tibò pa bò, tout twotwa yo okipe ak machann, chofè moto ak machin prèske antre sou moun. Konsa, moun pa sispan mouri ak andikape akoz aksidan ki pa janm sispann fèt nan site Kapwà Lamò a.



Direktè lekòl la, eskize tout paran ak tout moun ki gen timoun nan enstitisyon an; pandan li soulinye yon seri zòn ki merite pou otorite fè entèvansyon rapid tankou: wout Latandri;  ang Ri Kapwa ak Riyèl Valyè (Sou Kanal); ang Ri Dimasè Estime ak Riyèl Valyè; ang Ri Dimasè Estime ak Ri Jefwa; ang Ri Kapwa ak Ri Mòpa; ang Ri Stenyo Vensan ak Ri Jefwa; kanal ki mennen soti nan Ri Montache a, rive nan lanmè a; Rivyè Pòdpè ki pase pa Ri Dibèjo rive nan lanmè a; kanal nan Timi, pase nan Ri NòtreDàm al bout nan Rivyè Pòdpè; Labèl Plas; Dèti Pòdpè, Site Makso; Aan Aman; Dè Kouyout e latriye.

Zòn sa yo reyèlman nan move eta; se pa kote pou kretyen vivan ta dwe viv. Moto ak kochon pil sou pil, pa ezite voye salte sou rad moun. Direksyon Enstiti Klasik Tousen Louvèti a proteste kont yon parèt sitiyasyon sangwen ak sankoutcha, ke li estime ki inakseptab. Konsa, li entèpele konsyans swadizan otorite nan piwo nivo Leta nan depatman a pou pote yon solisyon rapid pou remedye ak yon parèy kalamite.

Direktè Rock, atravè emisyon Divèsite sou Radio Excell Inter 106.7 (vandredi 18 mas 2022) mansyone ke, li enpòtan pou tout lòt enstitisyon eskolè nan vil la ta mache nan menm lojik la tou yon fason pou egzije otorite ranmase karaktè yo. Vil Pòdpè pap dirije, Ayiti pap dirije. Se twòp atò! An nou eseye mete politik tòchon sal la akote!

Fanuance HODNEY


Share: