Ensekirite: Daldjoulie Occius mouri anba kout kouto

104
0
Share:
TRiboLAND

04/03/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Daldjoulie Occius ki gen 23 lane, resevwa yon kout kouto nan men Baby samdi 2 avril 2022 a vè 5è nan aprè midi, nan zòn mòn Eveche, nan vil Pòdpè.

Defen an ki nan NSIII tap sot nan kou nan Collège Classique Moderne, selon detay moun ki te la bay TRiboLAND. Baby, ki se pwezume kriminèl la, ta rele Daldjoulie “madivin” epi ponyade li ak yon kouto san oken fòm pwosè. Daldjoulie bay anpil san, malgre efò ou manèv ki te fèt pou rive ak li nan ijans lopital Imakile Konsepsyon an. Konsa, li te rann dènye souf li sou kabann lopital.

Jij Paul Blanc te sou plas pou fè konsta legal yo, aprè bay otorizasyon pou mete li nan mòg. Aprè krim nan, Baby tap chèche sove tèt li, men sou vijilans moun nan zòn nan, yo te met men sou li remèt li bay Lapolis.

Depi yon bon bout tan, moun kap viv nan site Kapwà Lamò a pa sispan denonse yon seri zak ensekirite kap antre nan kotidyen popilasyon an. Zak sa yo ap miltipliye anba je swa dizan otorite ki fè tèt yo pase pou chèf; yo pase tou, anba je edikatè ou fonksyonè sèvis piblik ou prive, lidè relijyez tout kalite ki afiche yon endiferans total kapital nan adrese yon parèy flewo kap manje yo youn aprè lòt.

Fanuance HODNEY

Share: