Latòti : selebrasyon fèt Sakrekè de Jezi.

06-24-2022
Latòti, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon mès aksyon de gras chante nan pawàs Sakrekè de jezi nan Oplèn sou zile latòti a, jodi vandredi 24 jwen 2022 a.
Plizyè makònn fidèl katolik te soti nan diferan rejyon avwàzinant pou pote kole nan kad selebrasyon pawàs la ki te boure ak patisipan. Reveran Pè selebran ki tap depoze, se Pè Wislet. Nan omeli sikonstans lan, li mete aksan sou nesesite yon pou chak moun fè yon oto-egzaminasyon. Li mande pou tout moun fè foto kè yo, pou yo gade l yon fason pou yo ka pran ti kal konsyans de eta sosyete a.

Pè Wislè rapouswiv pou l di: kè a se motè kò a, si yon moun pa gen kè li pap ka viv, paske kè a se li ki pèmèt nou renmen menmjan Jezi renmen nou. Pè Wislet preche anfavè jistis sosyàl nan mitan pèp Bondye a ki alagoni chak jou ki jou.
Nap raple, plizyè otorite tankou: otorite sivil, militè ak anpil pitit zile a ki soti nan diaspora tef è santi prezans yo nan pote kole nan objektif pouf è joune selebrasyon Sakrekè de jezi a, grandyoz!
Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND






