Ogmantasyon pri gaz ak transpò kreye anpil bouch louvre nan mitan popilasyon an.

07-12-2022
Ogmantasyon pri gaz la kreye gwo bouch louvri ant pasajè ak kontrolè machin ki asire transpò Senlwidinò – Pòdpè.
Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou pote yon solisyon nan pwoblèm pri gaz ak bouch louvri ant pasajè ak kontròlè, yon rankont òganize jodi madi 12 jiyè 2022 a, ant responsab Sendika chofè yo ak Lameri Senlwidinò. Diskisyon chita tande yo te mete an evidans yon seri mezi ki ta dwe pran non sèlman pou rezoud kriz la, men tou pou bloke manajdè ou kontrolè machin yo ki gen abitid monte pri transpò machin yo lè ki fè yo plezi.
Responsab sendika chofè yo, Mèt Dieusseul, deklare ke li pral travay ansanm ak Lameri komin Senlwidinò pou pote yon amelyorasyon nan fason transpò komen an te konn fèt nan komin nan. Anplis, fasilite chofè yo jwen gaz la nan tank yo dirèk olye pou yap bay machan atè yo plis priyorite ke kondiktè veyikil yo.
Si pa genyen yon konsiderasyon parèy, pri transpò a ap toujou monte menm si gen gaz nan tank yo.
Pierrilien Nicol Colly






