Dràm nan vil Pòdpè: 2 jenn gason mouri sou kabann Lopital Imakile konsepsyon, aprè yon batay

07-14-2022
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) 2 jenn gason mouri nan Lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè, jodi jedi 14 jiyè 2022 a. Georges Pierre 29 lane ak Miler Pierre 32 lane jwenn lanmò yo aprè batay sanglan ki fèt Nan Aman. Mesye yo tranche ak kout manchèt.

Daprè Dr Joachim Jessica, Georges Pierre rive lopital la san oken siy devi, alòske pandan yap fè manèv pou Miler, li rann dènye souf li.
Ensidan sa rive, aprè yon batay kontre kònn ki fèt ak kout manchèt ki fèt Nan Aman. Selon enfo ke TRiboLAND arive jwen, moun ki komèt zak sa, se yon moun mesye sa yo te gen ak li deja, yo te bay kout manchèt e jodia li tire revanch.
Jij Paul Blanc te prezan pou konsta legal yo, aprè li bay fanmiy mesye otorizasyon pou pran kò yo, ki nan moman sa ap glase nan yon mòg ki tou prè Lopital Imakile a nan vil Pòdpè.






