Komisè Gouvènman Fòlibète a mennen nan tribinal pwòp kozen li pou vann gaz ilegal

07-19-2022
Fòlibète, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon pakè te tanmen nan Fòlibète nan sa ki gen pou wè ak moun kap vann gaz tribòpabò anplis kap fè mache nwa, Bernuis Pierre te jwen arestasyon li nan dat dimanch 17 jiyè ki sot pase a nan komin Twoudinò.
Komisè Gouvènman Fòlibète a, Me Eno Zephirin mennen prevni an nan odyans koreksyonèl jodi madi 19 jiyè 2022 a.
Tribinal koreksyonèl la kondane Bernuis Pierre nan non Repiblik la pou-l pase 45 jou nan prizon e lap gen pou peye 20 000 goud kòm aman, daprè lwa 20 desann 1946 la. Malgre komisè a gen lyen familial (Kouzen) ak akize a, men li aji selon sa la lwa di.






