Gouvènman Ariel Henry a onore 65 polisyè pou detèminasyon yo nan batay kont ensekirite a

07-20-2022
Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Gouvènman Ariel Henry a bat gro bravo ak kontantman, lè li deside jodi mèkredi 20 jiyè 2022 a aksantye ou onore travay yon group polisye nan diferan inite ki distenge yo nan batay kont ensekirite atravè kapital la, Pòtoprens.
Moun te kapab obsève, nan moman seremoni sila ki tap fèt nan katye jeneral PNH la ki nan Clercine, chèf gouvènman PHTK a tap moute drapo ansanm ak polisye yo ki te nan yon pozisyon salutris.
Nan entèvansyon ke li tap fè nan okazyon an, Ariel Henry estime ke travay polisye yo pa genyen pri. Li felisite volonte ak konbativite Wo Kòmandman PNH la, ki nan mwens yon ane arive rekoud sa ki genyen pou rekoud depi ke direktè jeneral a.i. PNH la, Frantz Elbé moute nan tèt enstitisyon polis la.
Ariel ki te ansanm avèk diferan manm nan gouvènman bèbè a ki plonje Ayiti pi ba nan bafon fènwa pandan yon ane; te onore apeprè 65 polisye ki te soti nan diferan inite. Li te profite menm jan avèk mesye Elbé ki reyitere promès nouvèl akizisyon ekipman militè pou fasilite deboulonay gang yo ak nouvel dispozisyon ki pran an avantaj polisye yo.






