Peyizan nan lokalite Morace denonse direksyon depatmantal agrikilti a e plede anfavè bon jan akonpanyeman.

Peyizan yo nan lokalite Morace, 3e Seksyon Polen/Lakòn, komin Pòdpè, denonse konpòtman direktè depatmantal agrikilti Nòdwès la epi mande mouche LETA bon jan akonpanyeman.
07/21/22
Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, peyizan yo nan depatman Nòdwès peyia ap fè fas kare ak yon latriye pwoblèm sitou nan zafè agrikilti.
Pa gen dlo, lapli pa tonbe, zannimo ap mouri chak jou ki jou, pa gen semans, ale wè pou ta jwen traktè pou vin labore tè a ki se yon liks pou peyizan yo ki lage 2 bwa balanse vwa pou yo ta jwenn yon ti akonpanyeman finansyè bò kote mouche LETA.
Fenomèn sa yo pa kite travayè kap viv nan Morace endiferan, sa lakòz Alcin Fornoudi move kou kong, deklare chak fwa yo al fè demand ak direksyon depatmantal agrikilti branche nòdwès la pou jwenn traktè pou travay tè yo, bwàt rejyonal la toujou reponn “Pa gen gaz” alòske traktè yo ap travay pou gwo chabrak yo. Konpòtman mepri kont peyizan yo lakòz, nan lè pou yo ta fè plantasyon an, lapli a deja pase!

Yon lòt bò, Alcin Kendy poze pwoblèm dlo a, kote l fè konnen se yon kaskèt chinwa. Pou jwenn ti gout dlo pou yo bwè, yo oblije monte swa jisTwarivyè, swa desann nan Pòs – Metye oubyen Anba Moustik.
Plede anfavè yon amelyorasyon, travayè yo mande direktè depatmantal agrikilti branch Nòdwès la, msye Charité Louis, non sèlman voye akonpanye yo nan zafè semans ak zouti pou bay jarèt ak agrikilti a, men tou ak enstans konsène yo tankou Dinepa, ba yo kèk kamyon dlo konsa sityasyon yo ap kapab amelyore.






