Fenomèn koupe pye bwa: yon pwazon pou anviwònman an.

115
0
Share:
TRiboLAND

Abitan nan lokalite Ka-Michel seksyon kominal Polen/Lakòn, pa janm chome nan koupe pye bwa pou fè chabon.

07-22-2022

Depi yon bon bout tan, nan lide pou reponn ak yon seri bewzen chak jou, swa pou repon ak egzijans lavi, swa pou jwenn manje ak voye ti moun lekòl ; abitan kap viv nan depatman nòdwès la, notaman nan zòn Ka -Michel, pa sispann egzèse vye aksyon brital sou Anviwònman an. Yo deliberalman antre nan yon lojik koupe pye bwa pou fè chabon, vann bwa ak Dry Cleaning yo oubyen ak boulanje yo.

Èske seri aksyon sa yo, pa genyen gwo konsekans sou Anviwònman an? Sètènman wi. Paske koupe pye bwa ak chouk yo, sa lakòz divès lòt fenomèn pran nesans tankou :

1-Erozyon: lè lapli tonbe saki lakòz dlo a pote ale tout kouch arab yo.

2-Eboulman: sa ki lakòz lè lapli tonbe kay ap pase pran kay tèlman tè yo ap glise tonbe.

3-Sechrès: kantite dlo lapli tè a konn resevwa vin diminye akòz Pye bwa ki koupe yo. Sa okazyone pèt masiv zannimo peyizan yo.

4-Disparisyon Ti zwazo yo: akòz vin pa gen pye bwa pou yo pare.

5-Enfètilite sòl yo: fenomèn sa lakòz peyizan yo plante yo paka rekòlte anyen.Yo souvan di se kontra latè ki fini,paske yo plante yo paka rekòlte.

6-Ekzòd riral: abitan yo oblije rantre nan vil Pòdpè ak divès lòt, paske yo paka fè jaden ankò.

Finalman lamizè ap taye banda!

Kisa ki ta dwe fèt? Pou transfòme konpòtman ekolojisid abitan yo, lekòl jounen jodi a, ta dwe yon kafou oblije. Leta ta dwe entegre edikasyon anviwonmantal nan program lekòl yo, sensibilize mas peyizàn an pandan ke yap itilize radyo tankou yon pakèt lòt kanal kominikasyon.

Jeneralman, moun se yon pwazon ou yon ajan destriktif ki anpil fwa vize pou detwi pròp Anviwònman li, sitou lèl pa genyen yon edikasyon ou fòmasyon adekwat.

Share: