Yon lòt gwo zotobre jwenn arestasyon li nan zafè trafik zam ak bato Mis Lili a.

91
0
Share:
TRiboLAND

Konseye Minis Jistis Peyi Dayiti a, Me. Robenson Pierre Louis apèn jwenn arestasyon li nan DCPJ nan kad trafik zam kite fè gwo eskandal ak bato Miss Lily a nan vil Pòdpè.

07-22-2022
Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè Direksyon Santral Polis jidisyè a te fin bay lòd pou mare kou krab ansyen komisè gouvènman a.i pakè Pòdpè a, nan eskonbrit zam ak gwo magogo lajan, sèt fwasi se kou pa Me. Robenson Pierre Louis, konseye Minis Jistis ak sekirite piblik la, DCPJ poze lapat sou li.

DCPJ repwoche konseye minis llan kòm moun kita konplote ak ansyen komisè a pou libere pwopriyetè bato a, ki donk mouche Jonas, ke li estime ki pa gen anyen kòm repwòch nan kad kagezon zam sila.

Me Robenson Pierre Louis, ki koulya ap reponn kesyon DCPJ, fè konnen, kòm avoka li genyen yon sètèn responsabilite nan sosyete a; li deklare ke li pap mouri pou sa paske yo vle sèvi ak dosye sa a pou imilye li.

Share: