Sidès / Edikasyon : Yon komite tou nèf enstale nan tèt Asosyasyon Edikatè yo nan Jakmèl

106
0
Share:
TRiboLAND

07/25/2022

Jakmèl, Ayiti ______ (TRiboLAND) An prezans plizyè manm nan konfederasyon Nasyonal Edikatè Ayisyen yo (CNEH), yon nouvo komite enstale nan tèt Asosyasyon Edikatè yo nan Jakmèl (AEJ). Daprè règleman entèn ki reji fonksyonman asosyasyon sila, chak 3 lane yon nouvo komite dwe enstale pou jere li, se sa ki te fèt yè dimanch 24 jiyè 2022 a. Se moman pou Madam Ange Lourdemia Valescot te di babay aprè twa lane nan tèt asosyasyon an. Nouvo komite a pou konnya gen nan tèt li, Mesye Alerte Jean Charles.

AEJ se pi ansyen asosyasyon sendikal ki genyen nan Jakmèl nan sa ki gen pou wè ak edikasyon. Madam Lourdemia pou li menm soti avèk tèt leve, plis ke li di nan fèy de wout ke komite li tap dirije a te gen nan men-l, yo te fè tout efò pou respekte liy ke yo te dwe swiv la e tout manm yo te bat bravo pou li, pandan li pwomèt lap toujou bay asosyasyon an tout sipò li kapab.

Yon komite ki gen 9 moun pral mennen bak AEJ:
1-Jean Charles Alerte, Prezidan
2- Jean Baptiste Ganber, Vis Prezidan
3- Masséna Venia, Sekretè
4- Marcelin Ertha, Sekretè Adjwen
5- Dérivable Elmiti, Trezorye
6- Jean Claude Bernard, Trezorye Adjwen
7- Fortilice Iselène, Delege
8- Ange Lourdemia Valescot, konseye
9- Jean Marc Marcelin, konseye

Nouvo Prezidan an, nan diskou li fè deklare, li pral kontinye travay pou fè bonè asosyasyon an, pandan li mande soutyen tout manm yo pou mennen asosyasyon an nan bon pò e pwomèt, lap fè tout efò pou respekte vòt konfyans manm yo ba li a.

Share: