Pòdpè dezyèm Jounen manifestasyon kont gouvènman PHTK a

91
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon an nan site Kapwa Lamò a leve kanpe pou yon dezyèm fwa kont lavi chè, kidnapin epi mande ak rès gouvènman moun tèt san cheve yo,pote bato yo tounen nan pò Pòdpè a.

09/06/22
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou enstigasyon divès lidè nan sektè opozisyon branch nòdwès la, popilasyon an nan vil Pòdpè envesti divès ri pou mande ak rès gouvènman PHTK a non selman, remete bato yo nan plas yo men tou, remèt kle Primati a paske popilasyon an paka soufri ankò.

Pwomèt yap envesti lari a, pandan tout mwa septanm nan si tout fwa premye Minis defakto a pata tande la rezon. Nap raple gpuvènman Ariel Henry kòmèt yon pakèt deriv nan Nòdwès. Li deside kanpe ou abandone yon latriye santye ki tap pran jarèt sou Jovenel Moise. Se yon seri dispozitif kriminèl ki vize koupe trip popilasyon an ki te deja nan malsite.

Dènye dispozisyon pou hijack 2 bato nan pò Pòdpè a nan mitan lanwit andeyò de yon desizyon jistis, montre aklè ke vwayou analfabèt modèn ki nan tèt peyi vle fini tout bon ak Nòdwès ki pa janm benefisye anyen nan men Larepiblik.

Antouka, genyen apeprè 2 gro sitwàyen ayisyen ki arive pran bal nan dezyèm gro sòlòkòtò kap miltipliye atravè depatman an pou demaske bagay PHTK yo nan figi peyi.

Share: