Propozisyon fòs militè ki te prevwa pou antre anndan peyi Dayiti a riske pèdi plim: oken peyi pa enterese

93
0
Share:
TRiboLAND

10-26-2022

Propozisyon sou deplwàtonaj yon fòs militè rapid entènasyonal nan peyi Dayiti ta sanble pèdi plim. Si nou ta vle kwè plizyè sous ta rapòte bay medya tankou Miami Herald ke oken peyi pa enterese voye troup yo nan peyi Dayiti.

Administrasyon Joe Biden nan ap trese lèl pou divòse ak rezolisyon an ki pa asiste tiraj nan mitan manm Konsèy sekirite LONI a. Konsa, kritik yo panse ke se yon gro anbarasman diplomatik pou peyi Etazini ki te konte rasanble yon fòs etranje ak bay ekipman, fòmansyon ak mwayen lojistik.

Anpil patnè Etazini foustre akòz li pa ofri oken troup. Anpil nan peyi ki fè pati Konsèy sekirite LONI a egzije yon plan djanm sou papye tenbre ki pa nan woulem 2 bò menm avan vot rezolisyon an. Peyi Tankou Lachinn ak Larisi pa manke kache konstènasyon yo osijè yon evantyèl fòs lame entènasyonal nan peyi Dayiti. Kanada ap laloz e li pa antann voye oken troup; alòske Lafrans pa konsevwa voye egalman oken gason batayè pou yon parèy inisyativ.

Antouka, propozisyon an ta sanble bwè lwil!

Share: