Wout nasyonal # 2 a, bloke nan zòn simeyè Tigwav aprè eliminasyon ekip Brezil la.

99
0
Share:
TRiboLAND

12-09-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon gwoup moun ki idantifye tèt yo klèkouklwòz bloke wout nasyonal # 2 a, nan nivo zòn simeyè Tigwav aprèmidi a jodi vandredi 9 desanm 2022 a, aprè eliminasyon ekip Brezil la nan konpetisyon mondyàl Katar 2022 a.

Protestatè yo ki deklare, yo te anonse sa, se te yon tipoz yo te pran pou yo gade Koup Mondyàl, Qatar 2022 a, ki daprè yo depi Brzil pèdi yo te di yap kontinye okipe lari a.

Gwoup sitwayen angaje sa yo ki pwofite kritike gouvènman defakto Ariel Henry yo esplike ki pa genyen volonte ni kapasite pou amelyore soufrans popilasyon an. Yo estime, malgre poz yo pran, pouvwa sankoutcha, kòwonpi ak gang lan, pa menm pwofite okazyon sa pou mete kaye li opròp nan fè ti kichòy pou popilasyon an.

Pwotestatè yo ki fè konnen tout revandikasyon popilasyon an, pa chanje ditou ditou tankou: lavi chè grangou, gaz ki toujou pa disponib nan ponp yo, ensekirite, kidnapping, blackout, anpil paran pako kapab voye timoun yo lekol akoz absans mwayen, mete sou sa gouvènman defakto a pa fasilite yo jwen kouran elektrik pou yo gade konpetisyon mondyàl Katar 2022 a.

Pou tout rezon sa yo, militan yo ki di yap kontinye limen dife tou wouj nan kò Ariel Henry pou fèl repon ‘n ak ansanm revandikasyon yo popilasyon.

JOICY Arnold

Share: