Yon nouvo komisè a.i nome nan tèt Pakè Senmak la.

Mèt Venson François, se non yon nouvo komisè gouvènman ki jwenn benediksyon li nan tèt Pakè Senmak la, jounen jedi 8 desanm 2022 a.
12-09-2022
Senmak, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon lèt ki pote non, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik jounen jedi 8 desanm 2022 a, minis jistis fanm lan, Emelie Prophète Vilcé, fè konnen gouvènman defakto Ariel Henry a chwazi komisè anaprè a, Mèt Venson François pou kenbe tèt Pakè Senmak la pou yon ti bout tan.

Mèt Venson François bò kote pal vin ranplase Mèt Moïse Derestin, ki li menm pase sèlman 5 mwa nan tèt pakè Senmak la, kote gwo katchoubonbe te pete ant li menm ak avoka yo, sa ki te lakòz lavi te paralize nan pakè sila.
Avoka yo bò kote pa yo, fè konnen Mèt Moïse Derestin vòlò plizyè kò deli nan divès dosye, e ki rann plizyè jijman paralize. Poutan, pou komisè revoke a se chantay kap fèt, se dosye yap mete sou dol.
Konsyan de sityasyon difisil pakè a ap konnen depi anviwon 5 mwa, Minis jistis fanm lan, Emelie Prophète Vilcé, kap mennen politik sektoryèl ministè a, mande ak Mèt Venson François, gade wè nan ki mezi li kapab ede yo pasifye pakè a pandan yon ti bout tan.





