DGI anonse kontribyab li yo, ke biwo santral la ap fonksyone demen samdi 14 janvye 2023 a.

01-13-2023
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon Avi ki pote non Direksyon Jeneral Enpo, Direktè Jeneral la, Jean Emmanuel Casseus fè konnen biwo santral la ki chita kòl nan #62 Avni Christophe nan Pòtoprens, ap ouvè pòt li demen samdi 14 janvye 2023 a, byen bone nan maten vè 8:00 am pou rive 12:00 pm.
Obektif ouvèti a ap fèt nan lide pou pèmèt kontribyab yo vin retire tenb paspò yo ak Matrikil Fiskal.
Li enpòtan pou konnen, avèk nouvo pwogram imanitè Joe Biden nan, sèvis DGI yo andedan peyi a pa sispann resevwa moun pa makòn; yon krab ki gra pou DGI.






