Yon gwoup peyizan kap travay tè, kritike ministè agrikilti ki pa janm bay yo akonpanyeman.

86
0
Share:
TRiboLAND

01-19-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup peyizan kap travay tè nan komin Senlwidinò, denonse konpòtman dirijan yo nan ministè agrikilti ki pa janm fè anyen pou yo nan sektè agrikòl la.

Peyizan sa yo fè konnen ke yo ka travay, yo gen tè, men yo pa janm jwenn èd ministè a nan oken sans pou fasilite travay yo. Yon lòt kote, yo fè konnen Ayiti peyi tipikman agrikòl, men kondisyon yap travay tè a pap ofri yo absoliman anyen; paske materyèl travay yo pa adapte ak nouvèl agzijans mwayen prodiksyon aktyèl la. Anplis, mwayen ekonomik yo anpeche yo achte yon kantite semans pou plante yon bon moso tè pou satisfè bezwen pa yo ak lòt moun kap viv nan lòt depatman yo.

Gwoup plantè sa yo mande minis agrikilti a kreye bank agrikòl pou yo jwenn kredi agrikòl nan bon jan kondisyon; ba yo semans, zouti ki adapte, ensèktisid ak mwayen ekonomik pou yo fè latè pwodwi pou tout moun jwenn manje pou yo sispann al pran imilyasyon kay vwazen.

Latè kapab pwodwi pou bay tout pitit peyi a manje, se ankadreman teknik moun kap fè plantasyon yo pa jwenn ki fè peyi a vin pòv nan yon eta parèy, daprè yon plantè ki tap mete nan bòl minister agrikilti ke yo estime kap voye flè.

Agrikilti se baz devlopman yon peyi ki nan mandisite tankou Ayiti. Mesye Leta, pèp la bezwen sipò nou pou fè tè a vin tounen richès tout bon vre!

Pierrilien Nicol Colly

Share: