Anseyan “Association des écoles Pronec et Psugo du Nord-Ouest” yo mande pou Gouvènman defakto Ariel Henry a peye yo e nome yo.

109
0
Share:
TRiboLAND

01-25-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLANd) Nan yon konferans pou Laprès ki bay jodi mèkredi 25 janvye 2023, anseyan (AEPROPSUNO) yo ki di yo pa kapab ankò ak mizè nwa yap konnen tankou: grangou, timoun pou voye lekòl, kay pou peye, elatriye. Yo menm ki nan sal klas ap travay depi plizyè ane, ki pa janm touche yon goud lesko, mande pou gouvènman defakto Ariel Henry a peye yo aryere salè yo ak nome anseyan yo. Anseyan yo lonje dwèt sou nouvo responsab yo, ki depi aprè Frantz Nicolas, robinè a pa janm degoute petèt yo ta menm mouye lèv yo.

Anseyan yo ki di, yap toujou kenbe moso krè a kòm zam pou batay ak lavi paske yo pap pran lòt zam pou teworize moun nan popilasyon, jan Leta vle a. Men yap pase poze aksyon ki se: mete inifòm sou timoun yo pou voye yo nan Direksyon Depatmantal Edikasyon an, yap okipe espas biwo a pou loje paske yo pa ka peye kay.

Anseyan yo fini pou di: yo pap bay legen nan batay la, paske viktwa final la se pou pèp. Pandan yo mande pou peye yo ak nome yo san kondisyon.


Share: