Jounalis ayisyen, Jean Thony Lorthé ta sanble disparèt.

98
0
Share:
TRiboLAND

Jean Thony Lorthé, se non yon jounalis vedèt nan Vizyon 2000 ki ta sanble disparèt; alòske li kite depi yè lakay li e pa janm rantre.

02-04-23

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Jean Thony Lorthé se non yon jounalis vedèt Radyo Vizyon 2000 ke fanmiy, zanmi ak akolit li ap chèche tankou chyen fou depi yè vandredi 03 fevriye 2023 a ,ki pa janm rantre lakay li.

Enfòmasyon yo fè kwè, jounalis la kite Petyonvil sou yon mak machin Nissan Patwol, koulè blan, poul tal patisipe nan yon fineray bèl Sè li nan Boutilye, ki tap òganize jounen samdi 04 fevriye 2023 a.

Enkyè pou sante ak lavi jounalis vedèt Radyo Vizyon 2000 lan, fanmiy, zanmi ak solidarite jounalis yo fè tout moun konnen si gen yon moun ki ta gen enfo sou Lorthé, yo kapab rele sou:(509)37455197,ou rele Radyo Vizyon 2000.

Share: