2 jounen fòmasyon fèt nan jaden botanik Wanament kote divès fanm aprann fè “agrikilti familyàl”.

02-03-2023
Wanament, Ayiti___(TRiboLAND) Jaden Botanik Wanament (JBO) nan tèt kole ak Agrinotech (Agricultural New Technology) e Kiskeya Entènasyonal òganize 2 jounen fòmasyon pou aprann “Fanm fè Jaden nan Lakou Lakay yo” (Agrikilti familyàl).
Sòti madi 7 pou rive mèkredi 8 fevriye 2023 a, nan lokal Jaden Botanik Wanament la (JBO) ki trouve’l nan lokalite Bedou nan abitasyon Dosmon, komin Wananment . Nan yon konferans pou laprès, responsab Teknik JBO a, Enjenyè/Agronòm Junior Borno SAINT-VIL, fè yon prezantasyon jeneral sou Jaden Botanik Wanament lan. Daprè sa l di, nan JBO yo gen yon pati pou fè dekorasyon (òneman) ak yon pati kote yo fè fwi (arbre fruitier) ak anpil lòt sèvis tankou dekonpozisyon fatra ak espas pou fè marayaj elatriye.
Konsènan 2 jounen fòmasyon sila yo JBO reyalize pou tout fanm ki vle fè jaden nan Lakou Lakay yo, Agronòm Junior Borno SAINT-VIL fè konnen plizyè zòn ap fè fas ak yon problèm majè kise dlo. Li deklare ke Jaden Botanik Wanament (JBO) ap la pou akonpaye tout moun ki fè jaden lakay yo; nan bayo bon jan konsèy sou fason pou yo konsève dlo lapli ak lòt dlo lakay yo pou yo ka fè jaden pou pran swen plant yo.
Divès fanm ki tap patisipe nan fòmasyon sila di yo satisfè, mwen swete jwenn akonpayman nan lide pou pèmèt yo fè plis jaden.
Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com






