Gouvènman ayisyen an atravè Direksyon Depatmantal Nòdès Ministè Komès ak Endistri pral sipòte mwayèn antrepriz ak ti biznis yo

86
0
Share:
TRiboLAND

02-09-2023

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt pou laprès Direksyon Depatmantal Nòdès Ministè Komès ak Endistri (DDNE-MCI) pibliye sou paj facebook li, konfime ke li pral prete mwayèn antrepriz ak ti biznis yo nan depatman an pou, tchotcho ki kapab amelyore kalite pèfòmans yo.

Direktè depatmantal Ministè Komès ak Endistri Nòdès la fè konnen pwojè sila ap gen pou l kapab touche tout kouch e li swete tout 14 komin nan depatman an benefisye.

Daprè direktè a antreprenè yo ap bezwen: patant biznis la ki ajou 2022-2023 ak pyès idantifikasyon nasyonal.

Direksyon an anonse mèkredi 8 fevriye 2023 se jou pou demandè yo kapab vin depoze pyès yo; prosesis depozisyon an ap fini vandredi 17 fevriye 2023 a.

Nap raple aprè nou fin depoze pyès yo direksyon an ap gen pou transmèt pyès yo bay leta santral pou swivi yo.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Share: