UNICEF Haïti, IHCD, nan tèt kole ak Fondasyon Tè Ble, distibye divès kit alimantè nan depatman Nip peyi Dayiti.

Anviwon 150 kit alimantè ak ijyenik distribye nan depatman Nip, se jefò UNICEF Haïti, IHCD ak Fondasyon Tè Ble, jounen samdi 11 fevriye 2023 a.
02-12-2023
Nip, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou kontinye pote solidarite bay kèk fanmiy vilnerab kap konnen lavi difisil chak jou ki jou nan depatman Nip peyi Dayiti, UNICEF Haïti, Inityativ Sitwayèn pou Dwa Moun nan tèt kole ak Fondasyon Tè Ble, distribye jounen samdi 11 fevriye 2023 a, anviwon 150 kit alimantè ak ijyenik bay anviwon 150 fanmiy.

Pakè kit alimantè ak ijyenik sa yo kite deja sou plas al jwenn anviwon 150 fanmiy ki gen ti moun ki nan sityasyon difisil, e ki pa jwenn chans menm ak yon pla cho chak jou.
Nan moman distribisyon an, responsab Fondasyon an fè konnen, sipò ke yo bay fanmiy sa yo pa fèt sou koulè po men, li fèt sou yon baz ekite ak meritokrasi.






