Gwo van tansyon ap soufle nan Sant Mediko Sosyal Wanament la

100
0
Share:
TRiboLAND

02-23-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Divès paysan trouve yo ap malmennen akoz absans doktè nan sal ijans Sant Mediko Sosyàl Wanament lan. Pami 4 pasyan ki te nan sal la, genyen yonn ki te nan move eta akoz severite blesu ki te sou li.

Yon anplwaye ki te nan administrasyon Sant lan fè konnen, li fè anpil tantativ pou l rive jwenn yon moun nan pèsonèl la yon fason pou te vin bay sèvis ou asiste paysan yo; malerzman sa pat reive fèt. Telefòn yo te toujou ap sonnen san repons; se te absans total kapital.

Enfòmasyon yo ta fè kwè se poutèt yon gwo konfli ki genyen nan mitan pèsonèl sant lan ki fè doktè yo pa prezan. Pwoblèm sa ekziste depi lè doktè Dieuseul te fin transfere diferan lòt medsen nan moman li tap fè sant lan epi Leta Ayisyen pa janm chanje yo.

Finalman, manke efektif miltipliye, pa gen volonte ki te toujou manifeste bò kote medsen Sant Mediko Sosyal Wanament la, kote majorite nan yo mache pòs yo e pran wout klinik prive; men kontinye ap boske chèk yo chak fen mwa, san bay sèvis.

Konpòtman pèsonèl medikal nan sant medikal sila a, ogmante risk ou frajilize kondisyon sante konpatriyòt ayisyen yo, sitou fanm ansent yo ki kontinye al pran gwo imilyasyon anba men rasis dominiken yo nan Sendomeng.




Share: