Kòdinasyon Asosyasyon transpò a nan Nòdwès konstwi yon polis kouche nan zòn Twarivyè.

Sove yon vi, se sove yon peyi, se eslogan kòdinasyon transpò a nan Nòdwès ki tap konstwi yon polis kouche nan Pòdpè.
02-27-23
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou redwi kantite aksidan kap fèt sou boulevard Jovenel Moïse la ki lokalize nan site Kapwa Lamò a, kòdinasyon Asosyasyon transpò a nan Nòdwès, ki genyen nan tèt li Marcel Similien, konstwi yon polis kouche devan komisarya polis ki nan Twarivyè a, ak pwòp mwayen yo.

Nan sans sa a manm kòdinasyon an bò kote pa yo fè konnen, yo toujou prè pou pote touch pa yo nan sosyete a paske objektif yo se rive sove plis vi ke posib.
Kidonk, se vre polis kouche a pap kapab rezoud yon seri problèm, men prezans li pral pèmèt veyikil kap antre yo ralanti, ki ap yon posiblite pou ede polisye yo nan kad travay yo.






