Se sou tèm “Ann sove Pòdpè” Mèri Pòdpè a te anonse òganizasyon kanaval 2023 a, pandan ke vil la, ap patoje nan fatra ak labou san konte ma dlo sal.

87
0
Share:
TRiboLAND

03-01-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non, “Komite Kanaval” ki te gen pou òganize swadizan kananval nan vil Pòdpè a, fè konnen yo voye yon repons negatif bay kèk medya kita fè kwè yo te resevwa 2.5 milyon goud anba men Ministè Lakilti.

Pou yo menm, ti kanntè yo te abiye nan dènye jou kanaval la, se gras ak sipò kèk enstitisyon nan vil Pòdpè, ki te vann yo ti bagay kredi.

Yon lòt bò, dapwè kèk jounalis nan vil la, pandan ke “Komite Kanaval” la ap mande prèv, yo genyen bonjan prèv ke Mèri Pòdpè resevwa 2.5 milyon goud.

Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè komin Pòdpè a, Josué Alusma, ki deja manje plizyè kòb Kanaval ane sa a, kenbe ankò anba menl, 2.5 milyon goud ke yo te resevwa b`o kote Ministè Lakilti.

Share: