Blòk sanitè Leta te dispoze pou komin Ansafolè a ap fonksyone sou baz biznis pèsonèl.

03-08-2023
Ansafolè, Ayiti___(TRiboLAND) Blòk sanitè Leta ayisyen te dispoze pou komin Ansafolè a, e ki te jwenn mwayen finansman Bank Mondyal, nan pwojè DSNO-MSPP/PASMSSI la, ap byen fonksyone sou kontwòl yon patikilye ki anfèmye l nan men otorite yo. Majorite meri nan peyi a te benefisye blòk sanitè sila yo, yon ti kay pou loje ti machann kap vann manje kwit nan lari yo.
Kanta pou blòk sanitè Ansafolè a, pou yon rezon ak yon lòt, responsab yo deside anfèmye’l ak Fortuné Louissene; blòk la ap bay yon sèvis rechaj, yon mini restoran, yon vitrin ki vann atik twalèt ak materyèl makakriyèz yo itilize nan Fèt Sentàn, yon fason pou kenbe blòk la vivan.
Anfen pou yon moun benyen answit fè yon bezwen fizyolojik lap peye 25 goud, selon youn nan anplwaye yo. Li pa kapab enimere kantite lajan ki rantre nan yon jounen.






