Yon gwo rankont òganize nan komisarya Wanament la sou zafè ensekirite fontyè nan komin nan

100
0
Share:
TRiboLAND

03-10-2023

Wananment, Ayiti _____(TRiboLAND) Sou leadership komisè gouvènman Enau Zéphirin yon rankont òganize nan komisarya a pandan sware 9 mas 2023 a, pou konbat ensekirite a ak vòlè tè nan Wanament.

Komisè gouvènman Enau Zéphirin ak 2 lòt sibtiti Me Guercy Angrand ak Me Luckner Toussaint, an prezans direktè depatmantal Polis la, Mesye Jean Marc Cadostin, Vis delege awondisman an, Arold Joseph, Ajan Ekzekitif Luma Démitruis, Crétilia Pierre Antoine Alfred, Komisè Polis Wanament la, Bio Moncher ak plizyè manm nan sosyete sivil la.

Sitwayen yo denonse nèg ak zam kap anvayi ti moso tè ke yo genyen sou konplisite otorite minisipal, jidisyè ak lapolis. Yo mansyone egalman prezans anpil ajan BSAP, avoka ak anplwaye DGI ki antre tèt yo nan group vòlè tè a. Majistra Luma aprè anpil denonsiyasyon, pwomèt li pra’l kraze rapye tè tout kay kap konstwi nan zòn baraj Dinepa a.

Luma deklare se sèl yon kouzen ansyen prezidan Jovenel li te bay otorizasyon pou plase yon kontenè; li aprann tout moun vin genyen otorizasyon, alòske se pa li ki bay yo.

Me Amos Noël mete toutouni otorite minisipal yo ki nan gro zak eskanmòtè. Li lonje dwàt jouda sou jij, polisye, anplwaye DGI ki nan vòlè tè; li denonse kèk gwo chabwak ki gen group bandi dèyè yo kap teyorize popilasyon an.

Sitwayen Waldeck Marcelin di li swete se pa yon cho medyatik otorite yo vin fè. Li swete yo travay pou jwenn rezilta pou frennen sa kap pase nan kòmin nan.

Jn Simon Manex jnsimonmanex8@gmail.com

Share: