Vis delege Awondisman Pòdpè a plede anfavè ogmantasyon materyèl pou biwo imigrasyon ak emigrasyon.

Pwoblematik pou retire yon paspò nan imigrasyon branch Nòdwès peyi a, plis konplèks parapò ak sa anpil moun panse, daprè Renard Jean Rivière, vis delege awondisman Pòdpè a.
03-11-2023
Pòdpè, Ayiti _(TRiboLAND) Nan yon ti vizit ak dyalòg nan biwo imigrasyon ak emigrasyon an ak responsab yo nan vil Pòdpè, vis delege awondisman Pòdpè a, Renard Jean Rivière, li arive konvenk ke se materyèl yo ki manke.
Vizite bwat sila nan lide pou pote yon solisyon; pou Renard Jean Rivière, sa popilasyon an ap di ak sa yo wè pa diferan paske retire yon paspò nan imigrasyon branch Nòdwès, se yon veritab kaskèt chinwa.
Plede anfavè ogmantasyon materyèl, vis delege awondisman an mande ak gouvènman defakto Ariel Henry a, voye lòt materyèl nan awondisman pal la, konsa yo va rezoud fenomèn ki genyen nan imigrasyon an, lè pou yon sitwayen vin fè oubyen retire paspò li, kise yon pyès idantite.






