Majistra Enterimè Sen Lwi Dinò a mande popilasyon an veye anwo, veye anba vòlè ki pral vòlè siman ak lòt materyèl ki pral kontribye nan travay wout Ansafolè – Pòdpè a.

88
0
Share:
TRiboLAND

03-15-2023


Majistra pat mete dlo nan bouch pou takle tout nèg ak vès ki kontribye nan pouri peyia ak zam pandan yo toujou fè sanblan ap fè bèl diskou.


Ansafolè, Ayiti ___(TRiboLANd) Magistra Gaston, ajan egzekitif enterimè komin Sen Lwi Dinò a, kòmanse entèvansyon li nan kad lansman ofisyèl travay wout Pòdpè – Ansafolè a, jounen madi 14 mas 2023 a nan Kap-Wouj; kote li mande BonDye fè yon bagay pou peyia.

Li kontinye touswit manifeste enkyetid li pou di, lansman sa yo fèt chak jou, souvan yo pa pote fwi. Depi anviwon 18 mwa travay sa la; jodia se pa de lansman nou ta dwe ap pale paske se fini travay la ta dwe ap fini. Majistra a kontinye pou di, yo menm ki otorite kap fè lansman, yo pa konfyan gen bagay serye kap fèt, e yo rete ak dout yo malgre li konnen se BID kap finanse pwojè a.

Daprè majistra Gaston, gen divès Pwojè ki lanse nan peyia yo pa janm fini; yon sitiyasyon aklè ki montre peyia pa gen moun. Majistra pwofite takle entèlèktyèl ak nèg ak vès ki toujou ap fè gwo diskou pou fè sanblan, pou tan yo kontribye an gran nonb nan pouri peyia. Majistra ki pat mete dlo nan bouch li, deklare “gen anpil gwo palto ki nan lansman travay la, se yo menm aprè ki pral vin vòlè siman”.

Majistra Gaston fini pou mande sosyete sivil la, Laprès ak tout moun pou ede yo veye travay sa yon fason pou ane kap vini pou se pa nan menm tolalito sa nou vini ankò.

Share: