MOFEDGA : An wout pou otonomizasyon fanm yo nan Grandans

03-20-2023
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou rann medam yo granmoun tèt yo nan ekonomik ak fè lajan san yo pa bezwen rete ap tann gason ba yo kichoy pou yo viv, MOFEDGA ki se Mouvman Fanm pou Devlopman Grandans e kap dirije anba lobedyans madam Roselord Aubout, ansanm ak ONUFAM òganize pandan plizyè jou fòmasyon pou divès kategori fanm atravè depatman Grandans lan.
Fanm yo ki te soti nan 14 komin diferan nan depatman Grandans lan te resevwa fòmasyon gradye sou: patisri, pwodwi chimik, atizanal, pafen ak savon likid e latriye. Ajoute ak sa, medam yo te resevwa bò kote kòdonatris MOFEDGA yon tchotcho pou yo te kapab achte materyèl yo, yon fason pout e fasilite prosesis aprantisaj la.






