Yon manm baz gang 400 Mawozo mouri rache nan Bèl Fontènn ak kout manchèt nan seksyon kominal Mabriyòl komin Bèlans.

140
0
Share:
TRiboLAND

03-20-2023

Jakmèl, Ayiti ___(TRiboLAND) Roland Louis, se non yon manm baz 400 Mawozo kap opere nan seksyon kominal Bèl Fontènn komin Kwadèboukè, mouri rache ak kout manchèt, kout ròch ak baton gayak nan seksyon kominal Mabriyòl komin Bèlans nan lannwit dimanch 19 swa pou louvri lendi maten 20 mas 2023 a.

Se abitan nan seksyon Mabriyòl ki mete men nan kòlèt manm baz 400 Mawozo epi rache li ak kout manchèt, kout ròch ak baton gayak.

Manm baz 400 Mawozo sa a, ki tap opere nan Bèl Fontènn, te genyen 4 lòt manm gang avèk li, yo kouri chape poul yo ak tout kantite gwo zam ki te nan men yo.

Kazèk seksyon an, ki te mete men nan kòlèt bandi Roland Louis, fè konnen, avan popilasyon an te touye li, li te pale e di tout verité; Roland te deklare, yo apènn soti touye 13 moun nan yon zòn, se nan kache yo vini kache nan seksyon kominal Mabriyòl, komin Bèlans.

Nap siyale, kazèk seksyon an te pwosede ak arestasyon reselè ki te bay bandi yo fè ladesann lakay yo; li te remèt yo bay lapolis.

Share: