71 etidyan gradye nan Syans Edikasyon nan Inivèsite Piblik ki twouve-l nan depatman Sidès peyi a

84
0
Share:
TRiboLAND

03-26-2023

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon kokennchen seremoni gradyasyon òganize anba fakilte Syans Edikasyon, ki nan Inivèsite Piblik Sidès la (UPSEJ). 71 etidyan ki nan pwomosyon “Robert Barroyët Oriol gradye jodi dimanch 26 mas 2023, an prezans fanmiy ak zanmi tout kalite.

Seremoni gradyasyon sila te dewoule nan Legliz “Sacré-Coeur de Mayer”, kote 71 etidyan sa yo resevwa diplòm aprè 4 lane yo pase ap etidye nan Inivèsite a.

Malgre difikilte peyi a konnen, etidyan sa yo ki fè pati 7èm pwomosyon Syans Edikasyon an, gradye ak anpil fyète pandan yo kwè se meyè chemen an yo chwazi. Dwayen fakilte Syans Edikasyon an, Pwofesè Albert Étienne pa kache satisfaksyon-l pou pwomosyon sila ki te trè disipline pandan 4 lane etid yo. Yon lòt bò, Gupson Mauriset ki se loreya pwomosyon an nan mo pa li, fyè pou pale nan non tout etidyan yo; li te fini pou’l di : kle pou reyisi, se detèminasyon kap pèmèt ou venk obstak wap rankontre sou chemen-w.

Marenn pwomosyon an, Mme Miralda Jameau ak parenn nan M Lafontant Louis, mande etidyan yo pou yo fyè de diplòm sila. Pandan yo mande etidyan yo, pou yo pa sispann pote kontribisyon yo pou peyi a chanje.

Share: