9 moun kidnape pandan jounen dimanch 26 mas 2023 a nan Pòtoprens

03-26-2023
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sangwen byen ame kidnape 9 moun pandan jounen dimanch 26 mars 2023 nan pòtoprens.
Yo kidnape 2 nan moun sila yo nan zòn avni Christophe pandan yo ta pral chimen legliz, lòt 7, yo kidnape yo nan avni N pandan yo te nan wout pou al asiste yon seremoni gradyasyon.
Machin ensekirite a pa sispann mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan an anba je dirijan vwayou krizokal ki nan konplisite ak mouvman gang anndan peyi a.






