Nòdès/Aksidan: yon jèn gason mouri krabinen anba yon machin nan zòn Dilè nan Wananment

03-26-2023
Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon chofè machin pase sou yon chofè moto e mouri krabinen aswè dimanch 26 mas 2023 a nan zòn Dilè nan Kafou Lemésye.
Francique St-Vil (Gasner) ki se yon natif natal Dilè, jwen lanmò li aprè ke yon machin ta rive pase sou li. Francique ki pat gen okenn chans kouri lopital mouri lapoula, daprè sa Kazék Telusmond rapòte bay sal redaksyon TRiboLAND.
Li enpòtan pou sinyale ke, chofè annafè a te mete van nan vwèl e ki te dèyè gro soufrans pou fanmiy ak zanmi Francique.






