Staff “Nap Valorize Valè Yo” remèt yon kamyon dlo ak Ajan PNH yo nan prizon sivil Pòdpè a.

Yon kamyon dlo pral sèvi prizonye yo, nan prizon sivil Pòdpè a, se travay K-navao Valmond ak akolit li yo.
04-07-23
Pòdpè, ayiti____(TRiboLAND) Prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a, ap konnen lavi difisil chak jou ki jou. Pa genyen ase manje, pwoblèm trètman imanitè, absans dlo pou yo bwè ak benyen, poun site sa yo sèlman.
Aprè prizonye yo te fin pase 12 jou san benyen, staff “Nap Valorize Valè Yo”, ki genyen nan tèt li, K-navao Valmond, ta pral santi yon nesesite pou te pote yon lòt fwa ankò,yon kamyon dlo pou sove lavi popilasyon an.
Ekip K-navao Valmond an ki toujou prezan nan sikonstans sa yo, bò kote pa yo, deklare yo prè pou akeyi nenpòt moun ki deside kontribye ak yo, yon mannyè pou kontinye valorize moun ki se yon valè inivèsèl.






