Fondasyon Cherezard Roselain nan tèt kole ak “Red Mundial del Jovenes Politicos Haiti” pote asistans medikal bay Bon Samariten yo nan Derak

04-10-2023
Derak, Ayiti ______(TRiboLAND) Fondasyon Cherazard Roselain akonpaye “Red Mundial del Jovenes Politicos Haiti ” pote asistans medikal bay moun Bon Samariten yo nan Derak, jounen dimanch 9 avril 2023 a.
Fondasyon an ki te gen nan tèt li Cherazard Avril Roselain, direktè Komès Nòdès la, Lesy Théogene, antreprenè Sankara Jules ak divès lòt jèn lidè nan Wanament, te fè yon sèl pou pote asistans medikal bay moun Bon Samariten yo nan Derak.

Responsab fondasyon an fè konnen, jan li toujou pran angajman pou moun ki plis nan bezwen yo, li reyitere volonte li pou rive akonpanye moun Bon Samariten y .
Bon Samariten nan Derak remèsye Red Mundial del Jovenes Politicos Haiti ansanm ak Cherazard Avril Roselain Fondatè Fondation an, pou yon si bèl jès.
Jn Simon Manex jnsimonmanex8@gmail.com






