Avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Mèt Germain François anonse yo prevwa fèmen pakè a disi semèn pwochèn.

105
0
Share:
TRiboLAND

04-11-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Mèt François Germain nan konferans pou la près nan biwo li jounen madi 11 Avril 2023 a, anonse yo prevwa fèmen pòt pakè a disi lendi pwochen, si pa gen anyen ki fèt pou rezoud problèm grèv paketye ak grefye yo kap kouri sou yon mwa e ki paralize bon fonksyonman pakè a.

Mèt François Germain deklare, li rekonèt revandikasyon paketye yo ak grefye yo jis e fonde, paske daprè li, majistra debou yo dwe jwen mem tretman ak majistra asi yo. Pou Mèt Germain, sevre paketye yo ak grefye yo ap fè gyèv; sepandan chak mwa yo toujou resevwa chèk yo, menm lè li pap kapab reponn ak bezwen yo fas ak chète lavi a. Militan an rete kwè nan tout galimatcha sa, se jistisyab yo kap peye sa.

Teknisyen ki maton nan Lalwa a, presize disfonksyonman lajistis la, fè gwo enpak negatif sou avoka yo, sou prizonye yo ak lòt manm ki nan popilasyon an, ki pa kapab sèvis ke yo merite nan palè jistis jiridiksyon an. Mèt la egalman, repwoche aktyèl minis jistis la, li di ki pa fè anyen pou rezoud problèm grèv la, li kwaze 2 bra li ap gade.

Toutfwa, avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, esplike Lajistis ayisyènn pratikman kraze depi prèske 8 lane, alòske yap pwone lajistis leve yon nasyon. Li poze tèt li kesyon pou konnen ki kote otorite yo nan leta ayisyen vle mennen jistis peyi a ak konpòtman manfouben sila a.

JOICY Arnold

Share: