Jij sipleyan tribinal Wanament lan fè kraze plizyè kay ki tap konstwi sou tè peyizan yo nan Mankèt, swadizan bandi te vòlè

90
0
Share:
TRiboLAND

04-12-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Jij Renaud Pierre ki te gen avèk li yon backup UDMO rive kraze plat atè jounen mèkredi 12 avril 2023 a, plizyè kay ki tap konstwi sou tè peyizan yo nan Mankèt, swadizan bandi te akapare.

Jij Pierre fè konnen li detèmine pou’l travay e mete lòd nan zafè nèg ap rantre sou tè peyizan yo ilegalman; fòk sa fini! Majistra a te deside mete pye’l atè ak konplisite fòs lòd Nòdès la, pou rekipere sa ki rele peyizan yo chèmèt chèmètrès nan Mankèt.

Nap raple, nan dènye rankont ki te fèt ak komisè gouvènman Fòlibète a, Eno Zéphirin, genyen plizyè sitwayen ki ta fè konnen gen gwo zotobre nan Wanament ki kache dèyè zafè vòlè a. Deja, gen plis pase yon kenzèn jèn gason ak fanm ki deja jwenn arestasyon yo nan kesyon eskanmòtè kap vòlè tè.

Share: