Madam Odette Jean, reklame jistis ak reparasyon pou Josmith Léan ke bandi te lapide,vòlè e bwile.

04-25-2023
Lèziwa, Ayiti____(TRiboLAND) Madam Odette Jean ki se maman Josmith Léan 25 lane ke bandi te vòlè, lapide e bwile nan komin Lèziwa, reklame jistis ak reparasyon pou fanmiy viktim lan ki mouri kite 2 tipitit nan men yon jenn fi ki pap travay.
Dapwè manman viktim lan, defen an se te pwensipal sous ekonomik moun ki te konn sipòte fanmiy lan.
Konsa, la tè pa pwodwi e fanmiy lan pa konnen ki sen pou yo rele ak yon latriye lòt timoun sou kote. Reparasyon ak jistis, se plis yon enperatif pou koupab yo respekte lavi moun e peye pou domaj ak dlo nan je ke yo mete nan lavi fanmiy viktim nan, daprè Odette Jean ki tap depoze ak dlo nan je.






