Yon bandi sangwen Izo benefisye pwogram “Bwa Kale” a nan Tomasik

05-19-2023
Tomasik, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis jodi vandredi 19 me 2023 a, fouke yon prezime bandi group gang “5 segonn” nan Tomasik, depatman Sant peyi Dayiti.
Bandi sila, ki pat genyen pyès idantifikasyon sou li nan moman arestasyon li, te genyen tatoo nan lestomak li ki make “Izo5segonn”. Konsa, popilasyon an ki pa tap dòmi, pat pran tan pout e antre nan fas kare ak fòs lòd yo ki pat kapab reziste anba kolè, te oblije sede.
Se konsa, popilasyon an antre pran bandi a nan espas lalapolis la e enskri bandi a nan kad program “Bwa Kale”, ki kontinye ap mache nan diferan kwen atravè vil pwovens yo.






